Pati Kache

David Pierre Vilsaint

Mwen konnen
Sa Kap pase Anndan ou
A chak fwaw bzwenm mwen pa la pou u

Baby baby

Mpa vle w panse
Son Lot Mwen genyen
Menm Konsantre sou pwojèm
Genyen pou nou pou nou

Mpat janm gon lot
Ki bon pasew
M'vle w konnen Nan vim
Pa gen lot aprew doudou

Se sèl ou aktive
Tout nè ki nan Mwen
Mpa swete yon jou
Pou'n ta repare

Ou se pati kache mwen (Bis)
Ti pati kache mwen

Lè yo jetem
Se ou ki la pou ranmansem
Lè yo blesem se ou ki la
Pou konsolem

Pat janm pa focus sou u
Menm sim Pa pale
Lidem toujou sou ou
Fow ta wè jan tout
Anndanm dezire ou
Ou se Lanmou sa
Ki fèm ap viv chak jou

Nan jem ou spesyal
Pa gon jou doudou
Map janm rebitew
Se ou ki rè'n mwen
Pa gen Moun doudou
Kap ka detwonew

Lè nou ini'n
Pou viv ansan'm
Pwoblèm vle toujou
Fè'n separe
Fò'n pa bliye
Sakrifis yo
Kote'n sòti kote'n vle ale

Se mwen se ou
Se ou se mwen
Ki konn sa nou pase
Ki konn sa andire

Autres artistes de Worldbeat