Marasa

[Intro]
Mwen pap janm bliye
Lè mwen te gen 2 zan
Lapli t'ap koule
Mwen toutouni m'ap danse san pwoblèm
Se lè sa yon ti granmoun k'ap fimen yon pikachimbo
Li vin mande'm kote band lan ale
Se lè sa mwen tonbe chante

Rara kòmanse (X3)

Dadi gad misye k'ap rale zam!
Ou anvi tire pèp lan ou fou?! (BRRR)

[Hook]
Ou mèt detwi kò mwen, ou paka detwi nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a
Ou mèt fiziye kò mwen, ou paka fiziye nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a

[Verse 1]
Gade jan y'ap pale fò men lè nou pral fini
Mwen wè nou sou beach avèk fi ak bikini
N'ap bwè 5 zetwal, gade jan n'ap viv
Timoun piti yo paka achte yon liv
M'ap di yo siviye HIV
Si nou pa met pantè nou n'ap e tounen zonbi (uh huh)
Chyen k'ap touye chat, siviye'n
Paskè yon lè chat lan gen pou'l grafouyen'w
Bondye fè pwomès li pap janm bliye pitit li yo
Si'w kwè nan li l'ap fè'w mache sou dlo

[Hook]
Ou mèt detwi kò mwen, ou paka detwi nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a
Ou mèt fiziye kò mwen, ou paka fiziye nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a

[Verse 2]
Pèp lan pran kou a
Ou di mwen fou a
Chak fwa m'pale mwen pale de Ayiti a
Si m'pa pale, wòch ap pale
Si'm pa chante, zwazo ap chante
Klou klou diklou, klou klou diklou
Pandan m'ap dòmi, mwen reve syèl la
Lè mwen gade byen mwen wè'l di "Viktwa"
Viktwa pou Ayiti, se lè sa mwen sonje
Mwen menm avèk ou nou se pitit Bondye
E Bondye pap janm bliye pitit li yo
Si'w kwè nan li l'ap fè'w mache sou dlo

Blackout (Woy!)
Gade peyi an pran yon blackout
Mezanmi kot flashlight lan mezanmi?
Blackout (Vinn a balèn lan)
Gade peyi an pran yon blackout
Kot zanj Gabriyèl mezanmi?

[Bridge 1: Dadi]
Libète, se sa pèp lan ap chante
Inite, nou fè lontan n'ap chache'l
Tèt chaje, yon mizè ki vin debake
O papa Bondye
Ban'm fòs pou m'delivre

[Bridge 2]
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Ou mèt pouse piga ou pile'm
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Jis tan nou ka viv nan lapè

Marasa (X3)
Mwen menm a Ayiti se marasa nou ye
(Repeat)

[Hook]
Ou mèt detwi kò mwen, ou paka detwi nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a
Ou mèt fiziye kò mwen, ou paka fiziye nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a

Kot zanj lan?

[Bridge 1: Dadi]
Libète, se sa pèp lan ap chante
Inite, nou fè lontan n'ap chache'l
Tèt chaje, yon mizè ki vin debake
O papa Bondye
Ban'm fòs pou m'delivre

[Bridge 2]
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Ou mèt pouse piga ou pile'm
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman (X3)
Jis tan nou ka viv nan lapè

Curiosités sur la chanson Marasa de Wyclef Jean

Quand la chanson “Marasa” a-t-elle été lancée par Wyclef Jean?
La chanson Marasa a été lancée en 2004, sur l’album “Welcome To Haiti : Creole 101”.

Chansons les plus populaires [artist_preposition] Wyclef Jean

Autres artistes de Hip Hop/Rap